Kisa CCELL ye?
Regleman sou edikasyon an gen ladan l lwa sou yon nouvo CCELL ki responsab pou fè kòmantè osijè tout règleman edikasyon oswa ansèyman pwogram bileng oswa pwogram angle kòm dezyèm lang English as a second language (“ESL”). Nèf nan onz manm k ap vote yo dwe se paran elèv k ap resevwa sèvis bileng oswa elèv k ap aprann angle kòm dezyèm lang English as a Second Language (ESL). Se Defansè piblik la ki dwe nonmen de lòt manm anplis yo ki dwe gen bonjan konesans ak eksperyans pou travay ak ELL. Responsab anchèf pou Akonplisman pou edikasyon espesyal la ap chwazi yon elèv nan dènye ane lekòl segondè ki se yon elèv nan yon pwogram bileng oswa nan yon pwogram ESL oswa ki te yon elèv nan yon pwogram bileng oswa nan yon pwogram ESL pou ofri sèvis li pou yon lane kòm yon manm ki p ap vote.
Ki fonksyon yon manm CCELL?
Manm CCELL fè omwen yon reyinyon pa mwa kote yo diskite pwoblèm elèv ELL genyen.
CCELL pibliye yon rapò anyèl sou efikasite sèvis pou ELL, epi li fè rekòmandasyon sou fason pou amelyore yo.
Kiyès ki pa ka fè pati manm Konsèy CCELL?
Anplwaye DOE oswa fonksyonè yo eli oswa nonmen nan fonksyon piblik pa ka kandida pou CCELL. Tout moun ki komèt yon krim pa ka sèvi nan yon Konsèy. Tout moun yo revoke nan yon Konsèy eskolè kominote pou yon "magouy" ki gen pou wè dirèkteman avèk sèvis li nan Konsèy la pa ka manm nan yon lòt Konsèy. Tout moun yo kondane pou krim ki gen rapò dirèk ak sèvis li ofri nan komite oswa nan konsèy sa a pa elijib tou. Tout moun ke Fonksyonè DOE ki responsab Etik rekonèt kòm moun ki gen yon konfli enterè pa kalifye tou. Metsousa, kandida yo chwazi yo pa ka manm nan plizyè Konsèy, menmsi yo kalifye.
Èske yo peye manm Konsèy yo?
Non. Manm CCEC yo ofri sèvis yo kòm volontè, men yo ka ranbouse yo kèk fwa pou kèk depans yo fè.
Kouman yo nonmen paran manm nan konsèy CCELL la?
Paran ki enterese pou vin manm nan CCELL ap ranpli yon aplikasyon pou pwopoze tèt yo kòm kandida ak yon fòmilè pou yo deklare yo se kandida disclosure form pou soumèt sou entènèt sou sit wèb nan www.powertotheparents.org. Paran yo ka aplike sèlman pou yon sèl konsèy kominote oswa yon sèl konsèy vil.
Kouman y ap chwazi paran manm CCELL la?
PC pou chak distri kominote lekòl, borough ak D75 ak D79 chwazi paran yon ELL pami manm li yo pou ofri sèvis li kòm moun k ap seleksyone manm CCELL. Si pa ta gen paran yon ELL pami manm PC a, PC a ap mande paran yon elèv ELL nan distri oswa borough a ofri sèvis li kòm moun k ap seleksyone manm CCELL. Paran ki se kandida pou CCELL pa kalifye pou ofri sèvis yo kòm moun k ap seleksyone manm CCELL.
Èske gen lòt fason pou paran patisipe nan pwosesis seleksyon nouvo Konsèy yo apa pwopoze tèt yo kòm kandida?
Gen de fason paran ka patisipe nan pwosesis seleksyon an:
- Nan chak borough, OFEA nan kolaborasyon ak chak PC, òganize fowòm kandida, kote yo pèmèt kandida pou CCELL fè prezantasyon ba moun k ap seleksyone yo, paran ak ba kominote a.
- Apre fowòm kandida yo, y ap fè yon vòt sondaj sou Entènèt pou chak distri, tankou Distri 75 ak Distri 79 ak lekòl segondè borough yo sou sit wèb www.powertotheparents.org. Onivo distri kominote a, vòt sondaj la ap fèt pou paran tout elèv k ap resevwa sèvis ELL, epi ki nan yon lekòl leta nan Vil Nouyòk
Èske y ap bay manm Konsèy yo trening pou fonksyon yo?
DOE ofri trening pou manm Konsèy yo pandan tout ane lekòl la.
Ki kantite tan m ap pran angajman pou m bay kòm yon manm Konsèy?
Antank yon manm Konsèy, y ap atann pou w patisipe omwen nan yon reyinyon piblik ak yon reyinyon sou aktivite Konsèy la chak mwa. Y ap atann tou pou w patisipe nan odyans piblik ke DOE koòdone avèk kominote lekòl ak distri a.
Fowòm Kandida
Kòmanse: 5è00pm
Fini: 8è00pm
Rankontre kandida yo: Paran lidè nan distri ak borough, asanm ak Depatman Edikasyon Department of Education (DOE), ap fè fowòm pou paran pou yo ka rankontre kandida konsèy yo epi poze yo kesyon.
| Borough | Dat | Adrès |
| Queens | Lendi 12 Avril 2010 CCELL 5è00pm CCSE 6è30pm |
Flushing Library 41-17 Main Street Flushing, NY 11355 |
| Staten Island | Mèkredi 14 Avril 2010 CCELL 5è00pm CCSE 6è30pm |
Richmondton Library 200 Clarke Avenue (at Amber St.) Staten Island, NY 10306 |
| Brooklyn | Lendi 19 Avril 2010 CCELL 5è00pm CCSE 6è30pm |
Brooklyn Public Library 10 Grand Army Plaza Brooklyn, NY 11238 |
| Manhattan | Mèkredi 21 Avril 2010 CCELL 5è00pm CCSE 6è30pm |
Norman Thomas HS 111 East 33 Street New York NY, 10016 |
| Bronx | Jedi 22 Avril 2010 CCELL 5è00pm CCSE 6è30pm |
Dewitt Clinton HS (10X440) 100 West Mosholu Parkway South Bronx, NY 10468 |
Gid Enfòmasyon sou Kandida yo
Dat enpòtan
-
Yo afiche sou Entènèt Aplikasyon pou Kandida yo (disponib tou sou papye) 2/3/2010 Fowòm Kandida 12/4/2010 - 4/5/2010 Y ap kòmanse vòt yo 11/5/2010 - 12/5/2010 Y ap avize kandida yo 31/5/2010 Manm eli yo ap kòmanse manda yo 1/7/2010
Kouman pou mwen gen plis enfòmasyon sou CEC yo, CCSE oswa CCHS?
Tanpri al sou sit www.powertotheparents.org, kontakte Biwo pou angajman ak defans dwa fanmiy Office for Family Engagement and Advocacy
