Kisa CCSE ye?
Regleman edikasyon ki konsène fonksyònman CCSE gen responsablite bay konsèy ak bay opinyon onivo sèvis edikasyon espesyal. Nèf nan onz manm CCSE k ap vote yo dwe se paran elèv ki gen yon IEP. Se Defansè piblk la ki dwe nonmen de lòt manm k ap vote yo ki dwe gen bonjan konesans ak eksperyans nan domèn edikasyon, nan trening oswa nan anplwaye moun ki gen andikap. Responsab anchèf akonplisman pou edikasyon espesyal ak ELL la ap chwazi yon elèv dènye ane lekòl segondè ki gen yon IEP pou ofri sèvis li pou yon lane kòm yon manm ki p ap vote.
Kisa yon manm CCSE fè?
Manm CCSE yo fè omwen yon reyinyon pa mwa kote yo diskite an piblik pwoblèm elèv ki gen andikap genyen.
CCSE fè yon rapò chak ane sou efikasite sèvis edikasyon espesyal epi li fè rekòmandasyon sou fason pou amelyore yo. Pou l ka efikas, konsèy la ap travay pou tabli yon relasyon travay rantab ak pi gwo kominote edikasyon espesyalla tankou anplwaye Depatman Edikasyon(DOE), paran lidè distri, paran elèv ki gen plan edikasyon endividyèl individualized education Plan (IEP)
Kiyès ki pa ka fè pati CCSE?
Anplwaye DOE, oswa fonksyonè yo eli oswa nonmen nan fonksyon piblik pa ka kandida pou CEC, CCSE, CCHS. Nenpòt moun ki komèt yon krim pa ka sèvi nan yon Konsèy. Tout moun yo revoke nan yon Konsèy kominotè oswa nan yon CEC pou yon "magouy" ki gen pou wè dirèkteman avèk sèvis li nan Konsèy la ki gen rapò dirèk ak sèvis li ofri nan komite oswa nan konsèy pa ka fè pati yon lòt Konsèy. Tout moun yo kondane pou krim ki gen rapò dirèk ak sèvis li ofri nan komite a pa kalifye. Tout moun ke Fonksyonè DOE ki responsab Etik rekonèt kòm moun ki gen yon konfli enterè pa kalifye tou. Metsousa, kandida yo chwazi yo pa ka manm nan plis pase yon Konsèy, menmsi yo kalifye.
Èske yo peye manm Konsèy yo?
Non. Manm nan CCSE ofri sèvis yo kòm volontè. Yo ranbouse yo kèk fwa pou kèk depans yo fè.
Kouman yo nonmen paran yo nan CCSE?
Paran ki enterese ofri sèvis yo nan CCSE ap ranpli yon aplikasyon pou pwopoze tèt yo kòm kandida ak yon fòmilè pou deklare y ap pòte kandidati yo disclosure form sou sit wèb www.powertotheparents.org. Paran yo ka aplike sèlman pou yon sèl konsèy kominote oswa konsèy vil.
Kouman y ap chwazi paran manm nan CCSE?
Konsèy Prezidan Presidents’ council (PC) pou chak distri eskolè pou kominote, borough ak D75 ak D79 chwazi yon paran elèv ki gen yon IEP pami manm li yo pou ofri sèvis li kòm moun k ap seleksyone manm CCSE. Si pa ta gen yon paran elèv ki gen yon IEP nan PC a, PC a dwe mande distri a oswa borough a fè yon paran volontè ofri sèvis li kòm moun k ap seleksyone manm CCSE. Paran ki kandida pou CCSE pa kalifye pou ofri sèvis yo kòm moun k ap seleksyone manm CCSE.
Ki lòt mwayen ki genyen pou paran patisipe nan pwosesis seleksyon pou nouvo konsèy CCSE a?
Anplis pwopoze tè yo, gen de fason paran yo ka patisipe nan pwosesis seleksyon an:
- Nan chak borough, OFEA ap òganize nan kolaborasyon ak chak PC yon fowòm kandida, kote y ap pèmèt kandida yo fè prezantasyon ba moun k ap seleksyone yo, ba paran ak ba kominote a.
- Apre fowòm kandida yo, y ap òganize yon vòt sondaj sou Entènèt pou chak distri, tankou Distri 75 ak Distri 79 ak lekòl segondè borough yo sou sit wèb www.powertotheparents.org. Y ap mete vòt sondaj la adispozisyon tout paran elèv ki gen yon IEP ki nan yon lekòl leta nan Vil Nouyòk onivo distri kominote a.
Èske y ap bay manm Konsèy yo trening pou fonksyon y ap genyen an?
DOE ofri trening pou manm Konsèy yo pandan tout ane lekòl la.
Ki kantite tan m ap pran angajman pou m bay kòm yon manm CCSE?
Antank yon manm CCSE, y ap atann pou w patisipe omwen nan yon reyinyon piblik ak yon reyinyon sou aktivite Konsèy la chak mwa. Y ap atann tou pou w patisipe nan odyans piblik ke DOE koòdone avèk kominote lekòl ak distri a.
Fowòm Kandida
Kòmanse: 5è00pm
Fini: 8è00pm
Rankontre kandida yo: Paran lidè nan distri ak borough, asanm ak Depatman Edikasyon Department of Education (DOE), ap fè fowòm pou paran pou yo ka rankontre kandida konsèy yo epi poze yo kesyon.
| Borough | Dat | Adrès |
| Queens | Lendi 12 Avril 2010 CCELL 5è00pm CCSE 6è30pm |
Flushing Library 41-17 Main Street Flushing, NY 11355 |
| Staten Island | Mèkredi 14 Avril 2010 CCELL 5è00pm CCSE 6è30pm |
Richmondton Library 200 Clarke Avenue (at Amber St.) Staten Island, NY 10306 |
| Brooklyn | Lendi 19 Avril 2010 CCELL 5è00pm CCSE 6è30pm |
Brooklyn Public Library 10 Grand Army Plaza Brooklyn, NY 11238 |
| Manhattan | Mèkredi 21 Avril 2010 CCELL 5è00pm CCSE 6è30pm |
Norman Thomas HS 111 East 33 Street New York NY, 10016 |
| Bronx | Jedi 22 Avril 2010 CCELL 5è00pm CCSE 6è30pm |
Dewitt Clinton HS (10X440) 100 West Mosholu Parkway South Bronx, NY 10468 |
Gid Enfòmasyon sou Kandida yo
Dat enpòtan
-
Yo afiche sou Entènèt Aplikasyon pou Kandida yo (disponib tou sou papye) 2/3/2010 Fowòm Kandida 12/4/2010 - 4/5/2010 Y ap kòmanse vòt yo 11/5/2010 - 12/5/2010 Y ap avize kandida yo 31/5/2010 Manm eli yo ap kòmanse manda yo 1/7/2010
Kouman pou mwen gen plis enfòmasyon sou CEC yo, CCSE oswa CCHS?
Tanpri al sou sit www.powertotheparents.org, kontakte Biwo pou angajman ak defans dwa fanmiy Office for Family Engagement and Advocacy
