Eleksyon espesyal Konsèy Edikasyon onivo Vil la Citywide Education Council (CEC)

Poukisa y ap fè yon eleksyon espesyal?

Paleman Eta Nouyòk New York State legislature adopte yon nouvo lwa sou administrasyon ke Gouvènè Paterson siyen 11 out 2009. Lwa sa a ki gen pou wè ak administrasyon lekòl mete sistèm eskolè Vil Nouyòk la sou kontwòl Majistra a pi plis, epi egzije fòmasyon yon CCELL ak yon CCSE. Pou yo ak aplike Lwa sa a, Depatman Edikasyon Vil Nouyòk New York City Department of Education (NYCDOE) ap òganize eleksyon espesyal.

Kisa CCSE ye?

Regleman edikasyon ki konsène fonksònman CCSE gen pou responsablite bay konsèy ak diskite sou sèvis edikasyon espesyal. Nèf nan onz manm ki pou vote nan CCSE a dwe se paran elèv ki gen yon plan edikasyon endividyèl individualized education plan (IEP). Se defansè piblik la ki dwe nonmen de lòt manm anplis yo ki dwe gen bonjan eksperyans ak konesans nan domèn edikasyon, nan trening oswa nan anplwaye moun ki gen andikap. Responsab anchèf akonplisman pou edikasyon espesyal ak ELL la ap chwazi yon elèv nan dènye ane lekòl segondè ki gen yon IEP pou ofri sèvis pou yon lane kòm yon manm ki p ap vote.

Kisa CCELL ye?

Gen yon nouvo CCELL ke yo mande bay opinyon osijè tout règleman edikasyon oswa ansèyman pwogram bileng oswa pwogram angle kòm dezyèm lang English as a second language (“ESL”). Nèf nan onz manm k ap vote yo dwe se paran elèv k ap resevwa sèvis bileng oswa elèv k ap aprann angle kòm dezyèm lang English as a Second Language (ESL) (elèv “ELL”). Se Defansè piblik la ki dwe nonmen de lòt manm anplis yo ki dwe gen bonjan konesans ak eksperyans pou travay ak ELL. Responsab anchèf akonplisman an pou edikasyon espesyal la ap chwazi yon elèv nan dènye ane lekòl segondè ki se yon elèv nan yon pwogram bileng oswa nan yon pwogram ESL oswa ki te yon elèv nan yon pwogram bileng oswa nan yon pwogram ESL pou ofri sèvis li pou yon lane kòm yon manm ki p ap vote.

Fowòm Kandida

Kòmanse: 5è00pm

Fini: 8è00pm

Rankontre kandida yo: Paran lidè nan distri ak borough, asanm ak Depatman Edikasyon Department of Education (DOE), ap fè fowòm pou paran pou yo ka rankontre kandida konsèy yo epi poze yo kesyon.

Borough Dat Adrès
Queens Lendi 12 Avril 2010
CCELL 5è00pm
CCSE 6è30pm
Flushing Library
41-17 Main Street
Flushing, NY 11355
Staten Island Mèkredi 14 Avril 2010
CCELL 5è00pm
CCSE 6è30pm
Richmondton Library
200 Clarke Avenue (at Amber St.)
Staten Island, NY 10306
Brooklyn Lendi 19 Avril 2010
CCELL 5è00pm
CCSE 6è30pm
Brooklyn Public Library
10 Grand Army Plaza
Brooklyn, NY 11238
Manhattan Mèkredi 21 Avril 2010
CCELL 5è00pm
CCSE 6è30pm
Norman Thomas HS
111 East 33 Street
New York NY, 10016
Bronx Jedi 22 Avril 2010
CCELL 5è00pm
CCSE 6è30pm
Dewitt Clinton HS (10X440)
100 West Mosholu Parkway South
Bronx, NY 10468